Stan Ofisyèl M Pare Скачать
Текст песни
Tan pase
Kè'k te brize yo repare
Tout doulè mw yo efase
Wi mw ka di mw prepare
Pa paske'm an mank
Tout dlo je yè yo tounen lank
Pou yon pi bèl istwa lanmou
'On pi bèl istwa lanmou
M' vini pou'm fè gran so a
Sa tante'm
(M' pare)
M' pa pè 'w ankò
(Lanmou)
M' pa pè 'w ankò
(Lanmou)
Map louvri kè'm pou'm baw antre
Sa tante'm
(M' pare)
M' pa pèw ankò lanmou
M' pa pèw ankò lanmou
Flè yo fleri
Lavi a reprann tout dwa li
Maladi sèl lanmou k' geri
Mw pliye anba pouvwa li
M' pare pou'm bay
Tout sa'm ta renmen resevwa
Kite'm chante yon lòt istwa
Chante yon lòt istwa
M' vini pou'm fè gran so a
Sa tante'm
(M' pare)
M' pa pè 'w ankò
(Lanmou)
M' pa pè 'w ankò
(Lanmou)
Map louvri kè'm pou'm baw antre
Sa tante'm
(M' pare)
M' pa pèw ankò lanmou
M' pa pèw ankò lanmou
Menmsi 2 montay p'ap jamè kwaze
Mw rete kwè 2 kè ka kontre
Bon moun yo nan bon moman an
Bèl istwa pou'n rakonte
Menmsi 2 montay pap jamè Kwaze
Men mw rete kwè 2 kè ka kontre
Bon moun nan bon moman an
Bèl istwa pou'n rakonte
Tankou yon PHÉNIX, mw RENAÎTRE
Flanm ki anndan mw an ravive
(Flanm ki anndan mw an ravive)
M' pare pou'm rekòmanse renmen nèt
Se sèl lanmou ki bay lavi vre
(Se sèl lanmou ki bay lavi vre)
M' vini pou'm fè gran so a
Sa tante'm
(M' pare)
M' pa pè 'w ankò
(Lanmou)
M' pa pè 'w ankò
(Lanmou)
M' ap louvri kè'm pou'm baw antre
Sa tante'm
(M' pare)
M' pa pèw ankò lanmou
M pa pèw ankò lanmou
Menmsi 2 montay pap jamè kwaze
Mw rete kwè 2 kè ka kontre
Bon moun nan bon moman an
Bèl istwa pou'n rakonte
Menmsi 2 montay pap jamè kwaze
Men mwen rete kwè 2 kè ka kontre
Bon moun nan bon moman an
Bèl istwa pou'n rakonte
Треки от исполнителя