logo MP3
head_logo

Kai Koupab (Feat. Bedjine) Скачать

main img

Kai

Koupab (Feat. Bedjine)

85 Прослушиваний
05:17
Все треки Kai
Слушать
Скачать песню

Текст песни

M te eskize m
Ou di n ap kite
Men avan w ale
Fòk nou fè yon ti chita pale
Mwen pa tankou lòt nèg k ap ba w menti
Ki pral swete w 'bonne chance'
Pran pòz yo vle wè w k ap souri

Paske mwen pa vle wè ou k ap pase
Avèk yon lòt k ap trete w pi byen pase m
Paske mwen pa vle wè ou k ap pase
Avèk yon lòt k ap renmen w pi plis pase m
Ou pa reyalize
Tout sakrifis mwen fè pou ou

Mwen di w se ou ki koupab
Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
Ou pa gen dwa ban m chay pote
M sèmante se ou ki koupab
Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
Ou pa gen dwa ban m chay pote
Se ou ki koupab

Cheri, ou koupab
Demanti m si w kapab
Demanti m si w kapab

M pa mande
Dou ban m lò ak dyaman, baby
Ni pou ban
M lajan, byen ke l enpòtan
Ou maltrete m, ou imilye m
Ou pyetine pwòp diyite mwen
S on kout wòch ou lage nan kè m, baby

Men si w pa pran men w
W ap wè m k ap pase bec
Avèk yon lòt
Kap trete m pi byen pase w
Men si w pa pran men w
Menm lombraj ou ap ekate w
E m p ap pran tan
Nan vi m pou mwen ranplase w
Cheri, ou ban m pwoblèm
Gad jan w kraze kè m

Se ou ki koupab
Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
Ou pa gen dwa banm chay pote
M sèmante se ou ki koupab
Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
Ou pa gen dwa ban m chay pote
Se ou ki koupab

Cheri, ou wè la, depi w kite m plonje
Fò w kite m naje

Manman!
Tonnè kraze! Pa gen tankou yon el, el Chapo

By the way, nou konn kiyès ki la
Bé-Bé-Bédjine!

Pouki m ap soufri?

Di m pouki m ap soufri

Pouki m ap soufri?

Oh, be! Se tank on penitans
Mwen mare ak yon lanmou
Men se yon delivrans
Lè w jwen yon moun konprann ou

Li pa bon, li pa bon
Li pa bon, deyò a pa bon
Li pa bon, li pa bon
Li pa bon, deyò a pa bon

Se tank on penitans
Mwen mare ak yon lanmou
Men se yon delivrans
Lè w jwen yon moun konprann ou

Li pa bon, li pa bon
Li pa bon, deyò a pa bon
Li pa bon, li pa bon

Babe!
Kai li ye, tonton!

Pouki m ap soufri?
Di m pouki m ap soufri
Pouki m ap soufri? Oh, baby
Pouki m ap soufri?

Se ou ki koupab
Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
Ou pa gen dwa banm chay pote

M sèmante se ou ki koupab
Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
Ou pa gen dwa ban m chay pote
Se ou ki koupab

Ou pran lanmou pou yon jwèt, tande!
Ou pa gen dwa banm chay pote

На странице доступен трек Koupab (Feat. Bedjine) от Kai. Слушайте онлайн или загрузите в один клик бесплатно на свое устройство.